M kriye pou tout bagay. M toujou ap kriye. M kriye lèm tris. M kriye lè kèm kontan. M kriye lèm fache. M kriye poum pa kriye. Lèm te piti, sa te konn deranjem, paske m te konprann ke moun ki toujou ap kriye se moun ki fèb. Yo pa gen repondong. Yo san nannan. M te konn wont kriye. M te konn kache poum kriye. Kriye sa, sete yon gwo pwoblèm.
Lèm vin gen kenzan, tout moun ki moun pam vre konnen fòk yo gen yon mouchwa nan zòn nan pou lè kriye mete pye. M te konn kriye pou vye nòt lekòl, pou zanmitay, pou nenpòt ki ti bagay raz. Fòk yo ta banm yon kouwòn pou kantite dlo ki koule nan jem depim fèt. Nan koze sa, pawòl makiyaj la, li pa fin zanmim paske m toujou konn ap gatel. M kriye lèl gate tou.
Nan koze yo rele menaj la menm, se gwo inondasyon. M sezi m wè m pa janm neye. Je wouj, pa dòmi, kriye jouk m sou, jouk tèt mwen fèm mal. M kriye pou renmen. M kriye pou kite. M kriye pou tounen. M kriye pou pa vle tounen. Dlo a te toujou disponib.
Gen yon travay m tap veye pandan de lane. Lèm resi jwen li, m tèlman kriye; yon moun ta panse se ban mwen yo pa ban mwen li. Se kontan m te kontan konsa, se sèl sa m te santi. M te sanble yon moun kite fèk soti nan yon antèman. Se sèl jan sa mwen te jwen poum te eksprime kè kontan mwen nan moman sa.
Semèn pase anwo, m tap li yon liv “Mon bel oranger” ke José Mauro de Vasconcelos ekri. Liv la te tèlman bon, se manje m manje chak grenn paj. Jouk mwen rive yon kote ke gen yon dènye chagren nan liv la. Chagren tou anvayim tou epim pase twaka nwit la ap kriye. Wata di se mwen ki ap pase tray pèsonaj yo rele Zeze a ap pran an.
Sa fèm reflechi a konbyen fwa nan lavim m tande moun dim pa kriye. Sa, m patap janm eseye konte. Men kestyon m poze tèt mwen se poukisa pou nou di yon moun pa kriye. Paske jan sa pase pou mwen, lèm fin kriye, m santim dis fanm. M santi ke m regle moso nan pwoblèm mwen. M santi ke gen yon gwo wòch ki soti sou lestomak mwen. Poukisa poum pa kriye sim santim pi byen apre sa? Kote map ekri a la, m preske kriye, m pa menm konnen poukisa. M pa santim malad paske m kriye pou dan griyen. Anvan m te konn wèl komsi mwen pa gen kouraj; kounyea m konsidere ke m kite emosyon an travèsem jan li vle a. M se yon moun, m pa yon moso fè. M pa gen poum prouve ke m se yon moso bwa. Ti mouchwa mwen ak ti moso papyem toujou la poum siye dlo nan jem.
Menm jan m toujou ap kriye a, m ri san rezon. Blag ki pi raz la ka fèm woule atè, tèlman mwen ri…jouk mwen kriye. M santi m yon ti jan tèt anba nan reaksyon mwen pa rapò ak sa map viv. Men m realize tou ke m pa vle antre nan fè menm jan ak tout moun. M kriye, m ri, m kontan, m fache. Yo tout te mèt mele ansanm. Depim santim byen ladann. Finalman, sa ki pi enpòtan, se poum santim alèz poum kite emosyon yo soukem jan yo vle. Gen yon jou, yo pap kapab anko. Pandan m la toujou, map ri epi map kriye…