Exprime-toi

M sonje lèm te lekol kay mè, depi yon elèv di yon ti mo kreyòl, profesè a dil: “Exprime-toi”. Nan tan sa, m potko janm chita reflechi sou sa, paske li te nòmal. M paka bay manti, manmanm te fò nan sa anpil. Se pa pou blamel m di sa. Se paske se sa li te ye pou li ak tout lòt yo. Manmanm gen 45 lane nan pawòl edikasyon, se li ki aprann mwen li ak ekri. Li aprann mwen koulè, li montrem danse. Li montrem koud ak fè manje. Li aprann mwen prenti bouch mwen poum pale franse. Aprè Bondye, se li. Li patap janm fèl si nan tèt li, li pat bon. Kidonk, m te konn tande “Exprime-toi” a, lekòl tankou lakay. Anplis de sa, timoun patka sipoze pale kreyòl ak granmoun. Tout yon kantite pawòl ki parèt senp , men ki te trè konplike e ki mete nou nan plis pale anpil chak jou. M konnen se pat menm bagay la pou tout moun. Manmanm te leve nan lakou plètil, nan koze vann nan boutik, rete anba pye marenn li ki te gen bon kreyòl rèk li nan  bouch li. Manmanm te konn prenti bouch lekol, epi, bliye sa lakay. Di goud sik. Twa ze. Yon bwat alimèt.  Li pataka janm ose al dil yon lot jan pou zo tèt li pat ateri nan laria.

Nou menm tou elèv, nou te lage nan pawòl “exprime-toi” a ak tout jeton lèw pale kreyòl. Kopye liy menm, se pa pale. Kidonk, li te nòmal. M pa konnen si li menm jan toujou. Sa fè kenzan m kite koze lekòl. M te gen kou  kreyòl. Anpil moun jenerasyon anvanm yo pat gen chans sa. M te renmen kou a. Lè konsa tout moun vide bwat kreyòl yo pou yo pwofite pandan nou te gen dwa pale kreyòl san yo pat pini nou. Gen anpil deba, diskission ak pale anpil ki ka fèt sou sa. Men, se pa sa map regle nan moman an.

Pandan mwen vin pi gran, m chita epim twouve bagay la dwòl anpil. Kisa “exprime-toi” a te vle di ekzakteman? Eske lè nou te pale kreyòl se jape nou tap jape oubyen nou te bèbè? Pandan tout tan sa a, yo ap fè nou etidye ke peyi a gen de lang ofisyèl. Youn nan nou pat realize sa. Li te nòmal pou nou tout. Yo te fè nou konprann ke siw pa mete fransèw sou ou, ou bannann. Ou nan tout sa ki pa bon. Anverite, yo kraponnen nou tout e nou pran nan bobin nan.

M pap antre nan estatistik lòt peyi ki gen de lang ofisyèl, ni kijan yo jere sa. Se de lakay map pale. Poukisa yo foure nan boul tèt mwen ak tout lot “enfant” kay mè yo, ( m panse sete menm bagay la pou lekol kay pè tou) ke se prenti bouch ki te solisyon an. Depi dat map prenti bouch mwen, bouch mwen fèm mal. 

Malgre tout bagay, m realize ke lèm nan cho, se kreyòl la ki anvayi sèvom anvan tout bagay. M te nan yon estasyon tren, m tap ekri yon moun poum dil mwen nan wout. Se wè mwen wè telefòn nan disparèt, lèm vire, m wè volè a ki ap kouri , m rele anmwey. Tout moun vire gadem, se lè sa m realize ke kreyòl te pale, men pat gen kreyòl pou konprann. Lè gen yon bon zen cho, se an kreyòl m anvi bay li. Gende koze, m pa  menm eseye tradwi yo nan lot lang, si yon moun pa pale kreyòl , se pa fòt mwen.

Tout sa, se poum di ke tout “exprime-toi” sa yo te finalman fèm pale kreyòl pi plis. M pa gen anyen ak franse, m konsidere plis yon moun pale lang, plis li ka kominike ak plis moun. Jou mwen realize ke koze  “ exprime-toi” a pa fin konplè, m di manmanm sa. M dil fòk li ta ajoute ladann. Sil di” exprime-toi en français”, sa vle di ke m tap eksprimem deja men li ta vle ke se nan lang franse a poum dil sam bezwen an. Sa ki pa yon pwoblèm. Lèm dil sa, li ri. Li di m toujou ap chèche pwoblèm kote ki pa genyen. Gwo baryè nwa ki fèm patka pale kreyòl avèl la tonbe depi lontan. M espere sèlman ke timoun lekòl kote lap travay  la ap chape anba “exprime-toi” sa, paske m konsidere li pa bon.

 

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.