Luna

Mwen gen yon sèl sè. M te gen yon lòt, men sa se yon lòt koze. Luna gen sizan anplis mwen. Sa vle di lèl li tap komanse lekòl primè, se lè sa mwen debake nan lavil. M sonje lèm te piti, se moun ki te fèm plis kriye sou latè beni. Li pat vle jwe ak mwen epi li te jwe bosal. Kidonk, m toujou konn ap tonbe, frape, blese, kriye. Men se sèl li m te genyen, m te toujou tounen nan pye li, pou li maspinen mwen pi plis. M te sanwont anpil. Li te toujou imajine pi bèl jwèt yo. Men yo te toujou mal fini pou mwen. M patka pote twòp plent poul pat inyorem. Se sere dan epi pase tray mwen an silans.

Se pat mechanste non. Li te pi gran, m potko fin kòrèk. M te souse dwèt, begue ak de pye gòch. Sa li fè rapid yo , m pran senkantan poum fè yo. M sonje nou te soti ak papi, m te ka gen kat ou senk an. Nou al jwe nan yon pil flè. Li menm ak gran frè mwen metem nan yon bourèt, yap pousem. Nan pouse pouse, mwen ateri nan mitan flè yo. Mwen blayi nan touf flè a. Sa nou pat konnen sèke te gen guèp la. M pap janm bliye moman sa nan lavim. Tibèt yo devorem. Lè papam mennenm tounen jwen manmanm  lakay. Madanm nan sezi. Lèm tap soti, m te gen bèl rad mwen sou mwen, tèt byen penyen, chosèt ak dantèl, bèl soulye. Pil poud anba koum. Bèl ti pitit. Lèm tounen, manmanm manke pa rekonèt mwen. Tèt gaye, rad sal, chiffonnen, larim, bav, je wouj. Vye bagay nèt. Lèm wè jan manmanm fache, m kriye plis. M te mete tout moun nan cho.

Lè Luna ak Junior te bezwen kola kouwòn, yo pwomèt mwen yo ap jwen ak mwen. Se pou mwen papa nou te gen kè sansib nan moman an. Mwen al mande sam vle, yo achte pou mwen, men se yo ki bwè twa ka. Yo jwe ak mwen de minit epi yo disparèt. Rèl, men m patka di sam genyen pou yo pa fache ak mwen. Lavim te konplike anpil. Men lèm vin pi gran, pou yo pa pran manje nan asièt mwen, m krache ladann. M te kòmanse jwen bout yo. M te kòmanse fè plas mwen…. Jouk lè lòt la fèt. M te gen witan. M te kòmanse konprann sa Luna te sibi lèl te wèm premye fwa. Nou vin zanmi, poun ka fè fas a enmi an. Yon ti lèzanj wi, men nan tèt nou, sete gwo danje.

M vin kòmanse mete rad ak Luna. Nou patka mete menm soulye paske pat zagom te gwosè sa. Lè li ap soti, li trennenm dèyè li. M te konn kouvri pou li lè manmi ap chèchel. Men nou te konn fache anpil. San rezon. Nou te konn pase plizyè jou san nou pa pale. Sa pat konn fèm twò mal paske m te gentan fin gran. San konte òguèy. Manman nou pat renmen atitid sa e li te konn fache. Li te konn pini Luna poul pale ak mwen. M pa sonje sim te konn kontan nan moman sa yo. Men plis nap pase tan ansanm, plis nou ale nan menm aktivite, nan menm pwogram. Zanmil vin zanmim, zanmim vin zanmil tou.

M vin realize se moun pam, lè li ale nan sèvis sosyal Jeremi. Woy, m pat konnen m tap sonjel konsa. Nou te toujou nan telefòn. Lè li antre menm, se gwo koze. M pap rete lwen, m pap soti. Se konsa nou vin makonnen nèt. Lè map gade, m pa konnen kisa m tap fè sil pat la. M toujou di, aprè Bondye se manmi, aprè manmi se Luna. Vye grenn sè sa, m patap chanjel pou anyen. M patap chanjel pou milyon. Se tande m tande sè pa antann ak sè. Nou pale tout tenten ki ekziste sou latè, nou pale bagay serye. Nou toujou ap ri nan telefòn. Nou toujou ap chat. Nan yon jounen, youn rele lòt plis ke dis fwa. Nou chanje foto sa nap manje, rad nou fèk achte, cheve kap pouse, zong ki kase, bouton nan figi. Nou pale sak pa gade nou. Nou pale koze moun. Men nou pa pale moun mal. Nou pa renmen sa.

Se yon moun anpil moun pa konprann. Ke moun pa konnen byen. Kè li se yon boul lanmou. Lavil se kè kontan menm lè li tris. Li yon ti jan twò òganize, tout afèl toujou byen ranje. Li renmen planifye. Wata di yon militè. Se sèl zam nan li pa genyen. M pa gen tout lòd sa, men nou wè lavia menm jan.  M di Bondye mèsi pou li, chak jou. Luna, siw pat konn sa, mwen renmenw anpil anpil….

Luna

2 thoughts on “Luna

  1. Wow, mwen kontan li tout bon bagay sa yo, sa fèm plezi anpil anpil….. rete toujou soude yon n ak lòt ke BonDye beni nou madanm e vanse pou pi devan…….

    Liked by 3 people

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.