Plis tan ap pase, plis m wè ke bagay ki rele zanmitay la, li preske vini san sans. Moun nan pa konnenw ni an pent, ni an penti men li gentan diw se zanmil e li vide vant li baw. Ou di moun nan bonjou, epi li te gentan zanmiw. Lavi fèm pè pawòl zanmi sa paske kout ponya, teke pye, bay manti sou mwen, m pa konsidere se sa ki rele zanmi. M ta di yon zanmi se yon moun ou ka konte sou li, ou ka fè konfyans, yon moun ki kanpe la ak ou. Anba solèy, anba siklòn. Pòch plen, pòch vid. Se pa paske ou konnen yon moun depi lontan ki fè li se zanmiw. Konsa tou, yon zanmi ou genyen depi lontan, ou ka konnen limit li e kijan pouw jere kozew ak li.
Zanmi m genyen depi plis pase 30 lane rele Valérie. Manman nou tou lè de se moun Okap. Yo tou lè de se profesè. Nou rete tou pre. Depim piti, m te lage nan jwe pope ak li. Nou fè kindègaden ansanm, nou fè segondè ansanm. Nou gradye menm jou. Aprè tout tan sa, map mande si se zanmim li ye sèlman, li plis pase sa. Pou jan nou viv, pou san viv ansanm. Nenpòt kisan sa ye, nou rete la. Si map pale de zanmi, m pata ka pa pale de Maguy. Depi yon moun konnen mwen, li tou konn Maguy tou. Manzè fè pati de moun ki pa janm lagem menm, ditou, ditou. Li taka bat yon moun pou mwen, menm si li pa sanble sa. Nou zanmi depi sektanm 1998. Nou janbe anpil pas dlo, men zanmitay sa te fèt poul rete. Li menm tou, m pa kwè se zanmim li ye sèlman. Si yon moun bezwen konnen bagay ki pi lèd m fè nan lavim, al mande Maguy. Wi, m konnen tout moun taka panse se Luna. Men, se pa tout bagay ou di granmoun.
Baz zanmi m te genyen CIM nan, se moun ki la. M te mèt pa tande yo, depi yon moun site non mwen, yo konnen. Nan sans sa Lovely, Tatiana, Maranatha, Pascale, chapo ba. Moun pam. Moun ki pase sou ban lekòl ak mwen pandan sèt an. Nou grandi ansanm, nou etidye ansanm, nou ri ansanm, nou priye ansanm, nou kriye ansanm. Medam sa yo se mòd moun lè nou tout rankontre, wata di se timoun piti. Nou sonje Lafontèn. Nou sonje lago kache. Nou sonje vye nòt matematik, fisik ak chimi mwen yo. Si kou sa yo pat fèm fou, sa vle di mirak egziste. Chif ak mwen pa mache ansanm. M pa bezwen kontinye blaze tèt mwen pi plis paske m pat fin pi sòt pase sa nan lòt kou yo.
M gen lòt zanmi ki se moun pam. Zanmi ki enpòtan kem rankontre nan inivèsite, nan travay. Men zanmitay m te mare depi kay mè yo, yo gen yon lòt tip enpòtans pou mwen paske se la m te kòmanse pran plas mwen, konn ki moun mwen ye, konnen kijan moun renmen moun, kijan moun sipòte moun. Youn nan bagay ki te detèmine relasyon sa, sèke nou tout te vle menm bagay la. Nou te vle pase lekòl, regle yon bagay ak tèt nou, nou te vle fè sa ki bon e byen. Se yon kòl ki te enpòtan depi anlè poun ka rete soude.