Yon ti bout madanm. Tout moun pèl. Veye zow pouw pa mal vini. Paske wap trè mal pase. Siw gen yon bagay pouw di, pale vite. Pa gen tan pou rechinya. Mache dwat. Manje tout sak nan asyèt la. Siw kapab manje asyèt la tou. Pa kite anyen trennen atè. Pouki ou pa fè plis nòt lekòl? Poukisa ou pa premye? Poukisa woulèt rad ou defèt? Poukisa soulyew chire? Ou pata ka pa sou tansyon. Ou pata ka pa fè tout efòw nan tout sa wap fè paske sa taka mal pase pou ou.
Se de bagay ki ap toujou rezonnen nan tèt mwen. Ki ap toujou fèm ri. Men ki ap fèm reflechi tou. Siw ta tande tout sa yo, wata di pa gen lanmou ladann. Ou taka panse se voye monte. Men se lanmou kap pale. Se lanmou ki ap fèl veye tout sa wap fè pou demen ou ka realize tout sa ou vle. Li pa montrew lavi a ni twò dous, ni twò di. Li preparew pouw pa di li pat diw sa. Pouw pa twò sezi. Paske wap sezi kan menm.
M se yon moun ki timid anpil. Depim piti, m pè moun. M ta pito al kache anba yon kabann pou moun pa wèm. Tèlman m pat sosyab. M konnen yo rele sa ti bèt. Se egzakteman sa moun taka panse. Sil pat konn kouri dèyèm, m taka pi mal jodia. Li ankourajem nan tout sa map fè ki byen. Li banm konsèy. Li kanpe ak mwen. Lèm komanse begue e ke pèsòn pat konprann sam te konn ap di; li banm bwè dlo nan kòn kabrit. Anverite, m pa konnen si sa te itil, sèl sam konnen, m pa begue ankò. Jouk kounya kòn kabrit la nan tirwa lakay la. Plis pase trant lane aprè. Nan zafè souse dwèt la menm, sil te ka rache dwèt la jete, li tap fèl, li tap refèl anko. Lalwa, chabon, moso sak. Tout pase. Jouk m bliye gwo pous la.
Lavi a dwòl anpil. Kounyea, m ka chita bay blag ak li. Fè bri nan tèt li. Li renmen sa. Sa pa vle di vigilans la tonbe. Ou te mèt fin abiye, depi nan je pal, rad la twò kout, twò sere, wap sezi wè li fèw tounen al chanjel. Kounyea, sa fèm ri, li fèm kontan. Li te mèt kontinye terorise nou, m pito sa. Olye li kite nou foure tèt nou nan sa ki pa sa.
Moso manman pa vann mache, ou pap janm jwenn sa pou’w achte kelkeswa lajan ou ta gen nan men’w.
LikeLiked by 2 people
Madanm, ou fin pale 🙂
LikeLiked by 1 person