Yèswa m chita byen ta, map gade HGTV. M renmen gade moun ki ap achte kay a dwat , a gòch. Moun ki ap viv nan peyi ki pi avanse yo, men ki ap jete yo nan Karayib la pou yo ka viv pi byen. Paske yo konsidere ke lè wap viv sou yon zile, ou gen plis tan pou ou respire, pou ou al rilax. M pa konnen si se vre, si se pa vre. M panse jan ou jere laviw, tan ou bay tèt ou pou fanmiw ak plezi, kèlkeswa kote ou ap viv la, ou ka rilax. Se nan menm moman an tou, m santi gòj mwen komanse gratem. M gentan konprann se yon bèl grip ki vle anvayim. M di tèt mwen, ma reglel nan demen. Men demen te gentan twò ta, paske m leve, se rale map rale nan travay moun yo. Map pran pòz bon amplwaye mwen, men se lè map veye poum jetem. Poum tounen nan kabann mwen.
Bòs mwen dim bal biwo a blanch deja. Men pou kantite travay m wè ki ap tann mwen, ale lakay mwen pou moun ap relem chak de segonn pou pozem kestyon sou dosye sesi ak sela, m prefere tou chita la, vann nevè nan lavim poum gen lapè pita. Yon lòt kote tou, sim ta tonbe blip nan biwo a, avoka kote map travay la tap gentan di yo te voyem ale, se mwen ki tap fè makak ki fè m rive poum tonbe ak tout sa ki ka vini ak li. Pandan yap ekri fanmim pou di dezole, yo te gentan ap chèche moun ki pou ranplasem. Paske lavi ap kontinye avèk ou san mwen. Yap bliye yo te gen yon aplwaye ki te rele Djeanane Monfort. Yap bliye ke mwen te gen senkan ak yo. Sakap pi enpòtan, sèke milyon ki ap brase yo kontinye ogmante. Zafè ki te gade Djeanane. Jan yo di a: NEXT!
Se sèl fanmim ak zanmim ki tap nan cho. Paske m pa yon nimewo pou yo, m se yon moun. Menm si se pa tout lè mwem itil yo, men prezans mwen gen yon sans pou yo. Mwen ap travay nan yon anviwonman kote ke tout moun ap kouri tout la jounen. Papa nan misyon nan yon peyi. Manman nan yon misyon sou yon lòt kontinan. Pitit rete nan kay ak moun ke paran yo peye pou rete ak yo. Paske paran pa gen tan anko. Pèsòn pa gen tan anko. Travay la se tout nou menm. Komanse bonè, fini ta. Bliye manje. Komsi nou panse sa nap regle a pi serye ke chita ak fanmi nou, bay de blag, pale bè. Nou pa janm poze tèt nou kestyon: kilès kap sonje nou? Kilès kap regrèt nou? Jodia, pandan mwen refize al lakay mwen poum lonje vye kòm, m mande tèt mwen kilès ki ap sonjem. Ou menm tou ki ap li sa, poze tèt ou menm kestyon an: Kilès ki ap sonjew?