Map ekri istwa depim tou piti. Redaksyon mwen lekòl primè te toujou twò long. Disètasyon mwen lekòl segondè te toujou plen koze. Lèm kòmanse, mwen pap fini. Se pou sa m paka jete okenn kaye lekòl ni inivèsite paske tout paj yo gen pwezi, istwa, tout kalite bagay ki ap pase nan tèt mwen. Nan sans sa, anyen pa chanje, m konn nan reyinyon nan biwo a, epi lesprim gentan ateri nan yon istwa. Lè konsa, sitou kote map travay kounyea, pa gen moun ki pale kreyòl, m ekri an kreyòl. Lè yap foure je nan kayem, yo pa konprann sa kap pase a, yo dwe konprann mwen fou. Sa ki pa yon pwoblèm pou mwen paske m panse tout moun nèt fou. Chak moun nan sans pa yo.
Nan jou yo ki sot pase la, m realize gen anpil moun nan sosyete a, depiw ekri yon bagay sou emosyon ki ap travèsew oubyen depiw pale de yon moun ki mouri ke ou sonje, yo di se depresyon ou genyen. M pa etidye psikiloji, m pa konnen kisa gwo liv yo di sou depresyon. Men nan sans pam, map mande eske li pi bon ke yon moun eksprime sa li santi oubyen fòk li pran pòz bout di li, jan sosyete a mandel la. Eske se pa kenbe koze andedan kè nou ak sèvo nou ki ta fè nou malad nan tèt? Nan pran pòz tout bagay anfòm, alòske tèt nou gentan pati, se wòch sèlman nou poko voye oubyen atake moun, mòde moun, mòde chen.
Mwen, se ekri m konn ekri. Gen moun se danse yo danse, gen lòt, yo resite bèl pwezi, yo chante, yo rape, yo jwe enstriman…. Chak moun chwazi sa ki pi bon pou yo, depi yo ka kite tèt yo ale ladann. Gen lòt tou, se nan penti yo lage kò yo. Lè atis mwen an ap depoze, m pa gen kote poum mache anndan kay la paske se ti bwat penti, pinso ak tablo ki tout kote. Men lè konsa, m paka di anyen paske li pa janm anpechem ekri…
