Se menm lanmou an

Lè ou renmen yon bagay epi ou pase anpil tan san ou pa  an kontak ak li pou kelkeswa rezon an; jou ou rejwen li, wata di se yon adiksyon. Se sa ki rivem, jou mwen rekomanse ekri. M santi se sa sèlman m ta fè, maten, midi, aswè. M santi sèvom ap bouyi tèlman gen bagay ki ap pase ladann. Nan sans sa, kèm kontan paske se yon aktivite ki ka fèm antre nan yon mond ki gen sam vle, janm vle. Nenpòt kisa ki pase anba jem, nenpòt ki ti bri ki travèse zòrèy mwen gentan tounen yon gwo pawòl konplike ak anpil monte desann. 

 

Pandan vakans desanm ki sot pase a, m tap fouye yon pil bwat ki gen yon kantite bagay ke mwen refize jete.  Nan chache, chache, m jwen yon kantite koze m te konn ekri nan lekòl segondè. Mwen gen yon tèks mwen te ekri depi 2002, li te nan mitan yon kantite lòt. M rale li poum metel nan lari, m change kèk ti bagay epi jodia li piblye nan Ayibopost. M te ekri li nan klas, m pa menm ka sonje ki kou li te ye. Sam te renmen lè mwen tap reli li, se inosans ki te nan tèks la, yon istwa tou senp ki eksprime anpil bagay. Lè sa, m pat konn ekri an kreyòl. Kounyea, bagay yo diferan, m santi kreyòl la fe tròp tan chita, m metel kanpe. Kounyea, li pa vle tounen sou ban.

Siw ta renmen li ti istwa mwen an, ale sou Ayibopost. Men lyen an: http://ayibopost.com/mourir-a-16-ans-en-haiti/

Mèsi…

Djeanane

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.