Se souflèt ki bay kout kouto

Sa fè kèk semen, m  tap regle yon koze nan kizin nan epi manje a vole nan figim. Li boulem. Men, li pa parèt tankou yon boule non, li parèt wata di se frape m frape yon kote. Moun ki moun pam vre ap konnen ke kizin nan ,se dènye kote m renmen rete. M renmen manje anpil, men m pa renmen patisipe nan preparasyon an.  Mwen  pat sezi  sak pase a, paske se kouri m tap kouri poum al regle lὸt koze ki pi enteresem. Tout moun nan biwo a ap pozem kesyon. Men gen youn nan yo ki mandem si se marim ki fèm sa. M pat fin trὸ konnen kijan poum te reponn paske m pat konnen si sete blag oubyen serye. Moun nan pa zanmim, se yon moun m di bonjou ak li. M gadel, m pa reponn, m tou senpleman  kontinye ak sam tap fè a. Li dwe panse m jennen pou baton m te pran nan wikenn nan. Depi lè sa, li pase vin wèm chak jou. Pote ti cafe ak te pou mwen. Finalman , m dil se boule mwen te boule. Men m apresye jan li te gentan vle edem.

Moun pa janm konnen kisa ki ap pase anndan kay lὸt. Nou byen bèl deyὸ. Byen makiye, bèl machin. Nou se pi gwo manm legliz. Nou nan tout mouvman. Men lè nou antre lakay nou, mizè nou pase, souflèt ki tonbe, betiz ki pale. Pèson pa konnen. Men nou mete bèl ti foto sou fesbouk, bèl dan. Aloske  pesὸn pa konnen ke nèg la te rache yon dan nan bèk nou nan yèswa paske nou te dil vin manje, oubyen vin ede yon timoun fè devwa. Lè on fanm ap sibi abi, siw konnen, vire tèt ou. Pa gade. Pa mande. Pa foure bouch. Paske lap rayiw, lap di wap fèl pèdi nèg li. Si wal retirel nan sal ye a, li ap tounen rapid. Lèl mouri, wap viv ak chagren, wap mande tèt ou , poukisa ou pat ensiste, poukisa ou pat ede. Se ou ki vin wont la, paske wap gade pitit fanm sa , ki san manman paske moun ki te sipoze edel konstwi a, se detwi li detwil. Ou pa janm konnen kijan pou ou jere koze sa yo paske se moun nan ki pou deside sil renmen tèt li ou pa.

Gen yon atis yo te manke pete jel. Fanm parèy li griyen dan sou li. Yo di pyel te lejè, li merite sa.  Yo di se pa sa sèlman ki te  dwe rivel.  Men, menm moun sa yo ki ap ri a, yo te kriye lè Jinou te mouri. Tout moun te fache. Komsi la, nou ka deside kilès ki sipoze sibi vyolans, kilès ki pata dwe mouri. Nenpὸt ki moun yo te di lanmou se pran kou tout lasent jounen nan men yon gason, li te mèt achte sèkèy li mete la. Tou peye antèman an. Pare ti pakèt li, epi rete tann. Se piti ki bay gwo, se souflèt ki bay kout kouto. Gen moun ki panse yo merite sa paske se konsa moun nan montre li damou, gen lὸt ki pa konnen kijan yo pwal jere tèt yo ak pitit yo, genyen tou ki pè sa moun pwal panse.  Genyen se renmen yo renmen sa. Tèlman gen rezon yon moun chwazi kite yo masakre li. Bagay sa pa senp menm…

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.