Semèn anwo, m te ale nan yon biwo leta poum te regle yon koze papye. M paka pa mansyone jan tout moun te nan liy, ap tann lè pa yo pou yo sèvi yo. Chak moun te gen ti nimewo yo nan men yo. San batay. San goumen. Te gen anpil ajan, kidonk, sèvis rapid. Se yon bagay ke moun ta sipoze viv tout kote paske koze moun paka tann, ap pase devan moun, ap jere koze moun pa, li anbetan epi li fè moun fè plis dezòd. Men se pa de sa m bezwen pale kounyea.
Pandan mwen chita map tann. Jem tonbe sou yon papa ki ap souri bay pitit gasonl. Lèm vire tèt mwen, mwen wè yon manman ki preske pete tèlman li ap gonfle paske pitit fi li sot pase tès pou li ka kondwi. Tou de paran sa yo fèm sonje paran pam. Yon paran se yon moun ki kanpe a kotew pou sipòtew, menm nan bagay ki pi senp yo. Se pa menm jan ak mòd paran sa yo m wè ki disparèt, ki pa menm gen tan di pitit yo kijan lekòl la te ye. Tèlman yo bliye kisa wòl yo ye nan lavi pitit yo. Pou yon vye lisans, de paran sa yo preske rele anmwey, tèlman yo kontan. Yon ti bagay tou senp wi.
Menm si m konnen koze lafanmi se lavi sa ka sonnen dwòl nan zorèy anpil moun; mwen pa jwen yon pi bon espresyon poum montre kijan lafanmi se youn nan bagay ki pi enpòtan pou yon moun. M pap pale de fanmi ki toujou ap batay, fè zen oubyen ki ap nouri rayisab non. Map pale de fanmi ki mete tèt yo ansanm pou youn sipòte lòt. Fanmi ki renmen selebre lavi. Fanmi ki selebre tout bèl bagay nan lavi a. M preske si ke de timoun sa yo, yon jou, yap sonje kilès ki te mennen yo al pase tès la. Sa ka pa di yo anyen jodia, paske yo twò kontan ekri zanmi yo pou pataje nouvèl la. Men yon jou, lè yap chèche bèl souvni ak paran yo, yap sonje fyète paran yo, prezans paran yo ak lanmou paran yo te vide sou yo.
Mesi anpil pou pawol sa yo. Anpil moun pap konprann….
LikeLike