M pa renmen kòmanse jounenm ak mòd vye pawòl negatif, men se sa ki rivem maten an. M’al tonbe sou istwa fanm ki mouri Jakmèl la. Non, m pa konnen kisa ki te pase, m pat la. Non, m pap al kòmante sou istwa moun yo. Wi, m wè video a, nèg la parèt sou emosyon. Non, m pa konnen si se vre, paske m pa verifye. Kit se vre, kit se pata vre,se kèk kòmantè ki yon ti jan metem malalèz.
– Se pa yon sèl fwa pou misye te touyel paske yo panse se yo ki envante may.
– Misye pat dwe kite yo pranl.
– Se pou misye te chèche papa timoun nan poul tiyel ak fi a.
– Medam, ret nan wòl nou. Lè nou jwenn yon moun kap depanse pou nou fòk nou respekte sa.
– Si misye te relem, m tap ht yon biyè desann Ayiti vin edel. Si chak fanm ki fè yon gason sa, nou aji konsa, vòlè sa yo ap plis gen respè pou gason.
– Li mechan paskel touyel, men li gen rezon mezanmi.
– Nan pye travay li…
– Medam, kite bouzen…
– Jan travay nan peyi blan pa dous…
– Dèfwa, yo tèlman fè tou, ou paka di podyab pou yo.
– Se moun sa yo ki fè diaspora vin pi di.
Men nan ki sosyete nap viv…