Lèm antre nan segondè, sete yon nouvo lekòl, M pat gen zanmi. Byen vit, m jwen moun ke m ka zanmi yo. Te gen Claudette, Altagracia, Maranatha ak Tatiana. Moun pam. Tout tan. Moun depim pa tande yo, m chèche konnen kote yo ye.
Nan tout zanmi m genyen kounyea, Tatiana se youn nan moun ki pi konprann mwen. Lè map fè mouvman moun fou, li kitem fè yo. Aprè sa li mandem sim santim pi byen. M toujou gen enpresyon li konnen sa kap pase nan tèt mwen. Li potko etidye sikoloji, li te gentan ap analize moun.
Pwoblèm m genyen ak li, sèke li refize panse ak tèt li. Li toujou ap panse a ven mil moun, pasyan lopital kote li ap travay la, fanmil, zanmil, moun li pa konnen. Epi li bliye tèt li. Li pa renmen pale de tèt li tou. Ou pap janm konnen anyen kap pase nan lavil san ou pa pozel kestyon. Menm la ankò, fòk ou ensiste. Tatiana pa fimen, li pa bwè, li pa manje grès, li toujou ap lave menl. Li toujou ap jere santel. M toujou ap fè blag sou li. Men lavi sa pa nan rans, lè poul fèw mache, se wè ou wè ou nan tout sa ki pa sa.
Se konsa an 2016, Tatiana dekouvri ke li malad. Li bezwen yon lòt fwa. Li bezwen lajan pou operasyon an. Li bezwen moun edel. Li pa janm mande moun edel nan anyen. Se tande ou tande li te gen yon pwoblèm. Annou ede Tatiana, chak dola ap konte. Klike sou lyen sa epi patajel: http://give.transplants.org/site/TR?px=1030082&fr_id=1040&pg=personal. Nou te blije fèmen ansyen paj la(https://www.gofundme.com/Tatiana-transplant)
Mèsi anpil pou èd ou.
Djeanane
