Ane sa, m pa fin konnen pouki, se komsi map veye 18 Me. M te vle abiye an ble ak wouj; men nan monte desann, m pa gentan pare. Mwen deside m pap rate okazyon an. Sa mwen panse ki yon ti jan infliansem se Afriken ki nan inite kote mwen ap travay la. Depi se fèt nan peyi yo, yo fin mande anraje, yo mete rad tradisyonèl yo, yo mete sapat nan pye yo epi yap pede mache nan biwo a. Agase moun. Gendelè, mwen anvi mete tou, paske twal yo ak koulè yo bèl anpil.
M pap pare janm vle a pou demen, ma pran yo yon lòt lè. Depi jodia, m kòmanse di yo ke demen se fèt drapo peyim. Lèm te piti, manmanm te pran sa seryezman. Li te konn fè nou fè drapo, fè nou chante. Li te konn rakonte nou istwa bèl parad lèl te timoun. Jan sete gwo fèt, jan yon moun pata vle rate aktivite yo. M pa janm ale nan parad, men m gen yon gwo parad kap fèt nan kèm depi kèk jou.
Ayiti ak tout pitit peyi a, Bòn fèt drapo!!!!
