Lèm te gen sizan, nan peyim, te gen gwo dechoukaj. M panse se premye fwa nan lavim mwen te wè vyolans klè konsa. M te twò piti nan lane 86 poum konprann sak tap pase. Men 90 la, mwen pap janm bliyel. Yo te vin rache yon nèg anfas lakay la. M pa sonje figil. Men mwen sonje non li. Te gen anpil moun nan lari a, ak blòk, manchèt… yon kantite koze. Papam, potorik gason devan Letènèl te kanpe devan lakay la, zam nan ren li ap eseye bay sekirite. Se lèm granmoun m realize ki chans li te pran. Moun yo te vle touye nèg la, madanm li ak 2 pitit li. Papam te di non. Li te konprann li pat ka sove nèg la, men li te vle ede lòt manm fanmi sa. Pandan yo te kòmanse kraze tèt nèg la atè a, anvan yo boulel, papam fè nou al kache anba kabann pandan manmanm ap ede fi a janbe yon mi ak de timoun yo pou yo ka sove. Fi a pat piti, sete yon dènye gwo fanm, men lapèrèz te fèl lejè. Bondye te wè sa paranm tap fè yo te jis, se sak fè li te kalme foul moun sa ki te bezwen fini ak tout yon fanmi. Lè yo te wè yo te pèdi twa lòt moun yo,yo te pase tout raj yo sou mò a atè a. Jouk jodia, m sonje kote yo te mete dife sou li a. Atè a te plen san. Yo te tou boule kay la tou.
Sete premye fwa, se pat dènye fwa. Anba kabann, m konnen sa byen. Lè konsa, manmanm ap vide priyè, papam ap veye. Tout moun pare pou yo kouri. Timoun pa konprann. Moun jenerasyon pam nan wè epi viv yon kantite bagay dwòl. Si nou ta kòmanse kouri toutouni epi voye wòch, fòk yo pata mande nou sa nou genyen. Yo di nou pa bon. M toujou mande si sak te la anvan yo te bon. M pa konnen kote erè a soti, m pap lonje dwèt paske, sa pap itil anyen. Menm lè se pa pou menm rezon yo, nou pa janm ka anpè. Nou gen yon raj nou pa janm asouvi. Nou pa janm ka regle anyen pou lavi nou ka miyò. Ti minimòm nan. Ale wè pawòl ki pi konplike. Men se pa konsa non m wè Ayiti pam nan. Se yon bèl ti peyi kote tout bagay te ka fasil si nou te sispann goumen, bay manti, vòlè, toupizi, touye youn lòt, rayi youn lòt. Menm lè dan nan bouch yon moun bon, depi gen youn ki gate, si yo pa kouri retirel; li ap gate tout lòt yo epi lap fè dyòl moun nan santi. Ayiti pam nan bezwen yon bon dantis ki pou ta rache tout vye dan sa yo ki fè nap boule frè nou pou dan griyen…
Djeanane