Piyay la fini…

Mwen leve nan yon fanmi kote manmanm ak papam te toujou gen yon moun yap ede oubyen ap regle yon koze pou yon moun. Li natirèl lakay mwen. Se san reflechi mwen lage nan ede moun, monte desann pou moun, fè makak pou moun. Gende lè m pa menm reflechi menm, depi okazyon an prezante, m te gentan la. Pandan plis pase ven lane nan lavim, m te toujou sou yon dosye ki pa gadem ni an pent, ni an penti ; m te toujou ap kouri ak yon moun ; disponib pou tande moun, kriye ak moun. Depi m paka ede, m santim koupab. Men mwen kwè tou ke lavi a se ede youn lòt. Ak tout sa, m realize ke nan koze sa,  m pa gen tan poum regle koze pam. M toujou fatige. Kijan poum fè ap ede moun, sim paka ede tèt pam. Pandan map eseye jwen solisyon ak pwoblèm sa, gen yon moun m te kite antre nan lavim, ke mwen te konsidere tankou zanmi ki desann kilòt li sou mwen. M te tèlman sezi, m te pran yon ti tan anvan mwen konprann sak te pase a. Mwen te wont tou. M te tèlman wont, m pa janm dil anyen. Li te ka se mwen ki mal konprann sak pase a tou. Men, m prefere kite sa la. Manzè pap jwen mwen ankò. Men, aprè m byen gade, m realize se fòt mwen. Nan toujou nan koze moun, ap ede moun pote kwa, ede moun pran desizyon, m te bliye mete limit. Kraze kò a pat mande tout sa.

De jem klè kounyea, m konprann anpil bagay :

  • Se pa tout moun wap ede ki meritew ede yo
  • Se pa tout moun wap ede ki konprann sa wap fè a. Gende lè yo menm panse ou dwe yo sa
  • Ou ka ba yon moun yon konsèy, san ou pa al chita lakay li pouw edel aplike konsèy sa.
  • Konsa tou, se pa paske wap ede yon moun pouw kitel antre nan laviw.
  • Depi moun nan ap kontinye fè menm ti bagay la, jetew paske se tanw wap pèdi. Li pap janm tande.
  • Depi moun nan pa vle avanse, li ap ralew desann. Jetew paske li pa renmen tèt li e li pa renmenw nonplis.
  • Rete tann paske anpil moun wap ede se mal yal mache palew mal.
  • Rete tann paske jou ou di ou pap ede ankò ou te genten pi move moun sou latè, ou te gentan merite lanmò.
  • Aprann bouche zòrèy ou epi fèmen jew sou tenten.

Sa pa vle di m pap ede. Men, map veyatif. M pap bay piyay ankò. Se pa yon kesyon de lajan non. Se tan ou pran pouw ede yon moun, emosyon paw ki pase ladann, menm lè ou pata vle, tèt fè mal ak mal dòmi. Ou konn kite afè paw ki serye paske ou panse ke sa wap fè a bon. Epi nad marinad. M dekouvri yon ti bagay yo rele mete telefòn sou silans. Woy, se gwo koze. Li edem kreye espas pou tèt mwen. M ka dekonekte. Si yon moun bezwenm vre, li ap jwen mwen. Voye yon ti mesaj, lèm kapab ma lil. Sim vle reponn mesaj la, ma reponn.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.