Dimanch aprè midi

Lèm te piti, dimanch se yon jou m te renmen anpil. Pou anpil rezon. M te konn byen bèl nan maten poum ale legliz. Byen pwòp. Epi se jou sa tou, manmi te konn fè pi bon manje  nan semèn nan.  Jou sa, te gen plis vyann. M tap jwen plis vyann epi papi tap banm nan pal la tou. Luna ak Jinyò konn eseye vòlè nan asyèt mwen an, men, m te konn krache sou manje a pou yo pa pranl.  Lèw pi piti, fòk ou jwen solisyon pou mòd pwoblèm pi gran ap baw tout lasent jounen. Men, m konn bay Luna wi, paske nan maten, legliz la, li konn sere yon ti losti pou mwen. Lè manmi pap gade, li retirel nan bouch li, kouri ban mwenl. Yon moun konsa, ou patak fè di avèl. Nan aprè midi, manmi te konn kitem chwazi rad mwen vle pou Luna trennenm dèyèl sou katye a. Anvan yon minit, pyem te konn tèlman blanch, sete komsi m pat pase bò dlo ak krèm. Men nan laj sa, bagay sa pat konn dim anyen. M te kontan pran lari, menm si sete pou anyen. Lè konsa lèm tounen nan pita, te gen bon ti labouyi kap tann mwen sou tab la. Pa gen anyen ki taka fèm pa renmen dimanch.

Lèm vin demwazèl, koze frite nan lari Pòtoprens la, sete bagay anraje. Dimanch ak samdi, m te konn bat tout wout nèt a pye. M pataka janm gra. M konn soti delma 33, m pase nan 35, m antre nan 19 bò  Mache Seradòt, desann sou wout aryopò, antre  lakay mwen. Depoze valiz epi resòti. M pat konn solèy, m pat konn pousyè. Swe kon pitit Bouki. M te konn sere kòb kamyonèt poum achte krèm Bon ak manje fritay. M te konn fè devwa nan mitan semèn poum te ka gaye nan vil la nan wikenn. Lendi maten, jem patka louvri poum ale lekòl.

Kounyea, m pa konnen ki jou m renmen ankò. Bagay yo chanje nan menm. Toujou gen ven mil bagay poum regle, e se pa tout tan ou ka mande lòt moun regle kozew. Aprè midi a, m deside al flannen. Pat gen pousyè. M te blije mete bòt ak chanday paske fredi a kòmanse parèt pwent tèt li. Kapon tankoum, sim pa bezwen yon bagay nan tan frèt sa, m pap rete deyò. Lèm tounen lakay la, m tap bale yon bò nan lakou a epi yon ti pousyè vole sou pyem. M te gentan pat kapab ak pousyèa, m kouri fin bale poum al lave epi siye pyem.  M te vrèman agase. Aprè sa, m ri tèt mwen. Frekansite sa mal ranmase a fèm wè pousyè a sete pi move bagay ki pouta rivem. Yon dimanch aprè midi, menm moun nan, menm pat zago yo, yon lòt reaksyon pou pye blanch…..

2 thoughts on “Dimanch aprè midi

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.