Milyon

Yon bagay ka gen diferan valè. Sa depan de moun ki genyen li an. Menm bagay la, menm fòm, menm koulè. San ki koule nan vèn lezòm vle di lavi. Nenpòt kimoun ou ye a. Depiw bezwen san ou pa jwen, ou chire. Pa gen ni blan, ni nwa, ni mawon ladann. Ni rich, ni pòv. Chak grenn moun ap batay poul viv lontan e byen. Men, wap jwen lòt, se mache yap mache vide san lòt atè. Mete moun nan latristès, fè moun soufri. Moun ki pèdi lavil la, li tap eseye prezèvel, sak touyel la, se ti jwèt li tap fè. Pou tout kalite rezon. Oubyen san rezon. Ti souf la nap respire a, nou tout bezwenl. Depin paka jwen li, nap toufe oubyen nwaye. Nap bannann. Gen anpil moun kap toupizi lòt, anpeche yo respire, paske yo vle pran tout lè a pou yo. Bagay sa yo fèt tout kote. Gwo peyi, ti peyi. Lezòm toujou ap goumen pou tout bagay. Se sa nou fè pi byen.

Yon milyon dola vèt nan men vòlè, se pa ti koze.  Gende lè se moun ou konte sou li poul ta pote chanjman, men yo foure kòb la nan pòch yo epi yap diw yo pa konnen kote li ye. Je chèch. Sispann bay manti. Gen anpil lòt moun lavi yo tap amelyore si lajan sa te itilize jan pou sa ta fèt. Dwèt long ! Se pa ti lèd. Men sa pa anyen, se pa premye milyon kap disparèt, ni se pa dènyè. Menm mouton tounen gwo lou devan lajan. Fo mouton. Fo bon moun. Fo tout bagay. Vòlè ale, vòlè tounen. Yo degize, yo chanje non, yo chanje figi.  Lè yo souri, se dan yo anvi kole sou moun. Lè yo kriye se pare yap pare pou vòlè plis toujou. Yo pap chanje. Yap kontinye deplimen moun.

Yon milyon dola vèt nan men zanmim Tatiana tap vle di li gen yon lòt chans. Nan lavi. Yon lòt chans poul kontinye ede moun, fè sal renmen, lonje men bay moun pou rale yo soti nan twou. Sa tap vle di manmanl, papal ak tout frèl, sèl, zanmil tap gen plis kè kontan nan wè li kap monte desann nan sosyete a, monte moto pou ale nan tout rakwen peyi a. Menm si pyel te kase sou youn, li san wont anpil, lap monte ankò. Se moun ki pa konn tande. Milyon sa, se chak grenn moun ki kapab ki ta bal yon dola vèt. Gende moun se 100 goud yo tap ka ba li. Men fòk li ta kouri chanjel, poul pa tounen 50 kòb nan men li. Milyon sa, se chak aksyon yon moun ta pote pou pale de li, pale de istwa li. Se chak moun ki ta deside lonje men ba li.

Se pa Tatiana sèlman ki bezwen milyon pou sove lavil. Se chak moun ki leve nan maten epi ki konnen yo pap pase anyen bò bouch yo. Bouch yo ap santi.  Yo pap ka pran sant li paske se konsa li ye depi lontan. Yo pa benyen, kidonk se pa bouch yo sèlman ki grav. Se chak grenn timoun ki al lekòl, ki aprann byen pou yo pa konsidere vòlè sak pa pou yo kòm metye. Se chak moun ki malad ki jwen yon ti swen nan yon lopital ki gen sans. Se chak jèn ki jwen travay pou yo ka itil tèt yo, itil paran yo, itil peyi yo. Se chak moun ki deyò peyi a ki ta renmen tounen lakay yo pou sispann sibi imilyasyon paske yo pa legal. Se chak grenn moun ki pat nan vòlè. Siw konnen ou te pran nan kòb la, pa fache. Tout kaka chat ap pran lari. Pa pran pòz ou te travay di. Pa bliye di pitit ou sa wap kite pou yo a, se rale ou te ralel yon kote. Ou te retire manje nan bouch plizyè moun, ou te retire laswenyay nan lavi anpil moun.  Men pa bliye, milyon pa antre nan sèkèy, yap rete la. Fè vit gaspiyel…..

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.